882 views

Literati ak Lakilti anba kout flach Bwa Kayiman -dapre Pierre Michel Chery

Posted on Posted in Coin medical

Literati ak Lakilti anba kout flach Bwa Kayiman

     1.   Sou ki sa nou pral pale ?

Pale sou literati ak lakilti se pa yon djòb ki fasil. Tèlman gen koze moun ka di sou kilti, tèlman gen deba moun ka fè sou literati. Pou nou pa gaye nan tèm REK (Regwoupman Ekriven Kreyòl) te pwopoze nou an, nou deside mete l anba kout flach Bwa Kayiman an. Ki fè nan kozri nou pral fè a, nou pral eseye konsantre sitou sou kesyon ki gen rapò avèk Bwa Kayiman.

Kesyon n ap poze yo, se kesyon tankou ki rapò sosyete a genyen avèk lakilti, ki rapò sosyete a genyen avèk literati, ki rapò Bwa Kayiman genyen avèk sosyete a, ki rapò Bwa Kayiman genyen avèk literati, pou ki sa gen moun ki pè Bwa Kayiman.

     2. Literati ak lakilti

Anvan nou kòmanse, fòk nou bay yon definisyon pou lakilti epi yon lòt pou literati. Lakilti se yon sòm pwodiksyon sosyal yon kominote nan yon moman nan istwa li rive konsève. Nan dinamik devlòpman sosyete yo, gen eleman k ap vin jwenn sa ki la yo, konsa tou gen lòt k ap disparèt. Lakilti se tousa ki gen rapò ak moun k ap viv nan sosyete, nan sans chak kominote gen orijinalite li nan fason li viv lavi toulejou li, nan fason li konprann pwoblèm lavi a, epi tou nan fason li reyaji devan pwoblèm yo. Kilti a tou, se tout kòd konpòtman ak pwojeksyon ki makonnen moun yo ansanm man yon kominote, kit yo admèt li, kit yo pa rekonèt li. Si nou di tout Ayisyen gen yon lojik 3 wòch dife nan tèt yo. Gen Ayisyen k ap di sa a pa pou yo, menm si se  3 fèy, 3 boujon yo sonje an premye pou yo fè te… Èske se nou tout ki admèt li ? Èske se nou tout ki te konn sa depi lontan ?

Lè nou pran kilti a konsa, nou wè li gen yon dimansyon filozofik oswa relijye, yon dimansyon teknolokjik ak syantifik epi yon dimansyon atistik. Pwodiksyon teknik yo ak pwodiksyon syantifik yo anndan kilti a tou. Save ki jwenn yon fason pou li fè yon bonm ki pou touye plis moun pa nan lojik emosyon ak depasman… malgre li nan kilti li.

Men, kilti ki enterese nou la a, se dimansyon atistik, dimansyon kreyatif kilti a, paske, nou menm moun k ap viv nan yon sosyete, nou vle pou kilti a enskri li tou nan depasman ak emosyon. Fe atis la egziste pou tout moun, li ka manifeste li nan nepòt ki domèn, depi aksyon oswa demach ka charye depasman an oswa emosyon an. Nou nan nivo on kreyatè k ap pwodui menm si li prizonye istwa li ak sosyete l ap viv la. Yon Ayisyen, ki frape pye li nan wòch epi ki kase tèt retounen lakay li, ap swiv yon kòd kiltirèl. Men, li pa angaje tèt li nan okenn demach depasman ni emosyonèl malgre l ap benyen anndan matris ki fè Ayisyen an kase tèt tounen an poutèt yon ti wòch. Sa ki fè valè yon zèv atistik se nivo depasman ak emosyon li ka charye sou moun, menm si se sou kreyatè a sèlman li fè efè… Èske dinamik kreyasyon an gen yon dimansyon konsyans aktif ladan l ?  Men la a ankò, fòk nou byen kadre sijè a.

Si nou fèmen literati a sou dimansyon atistik li, n ap elimine yon pakèt branch nan literati a. Tout sa ki ekri se literati… men se pa tousa moun ekri ki se zèv literè.  Literati a se sèl fòm ekspresyon kiltirèl ki ka pale sou tèt li. Mizik ki pi bèl la p ap jwenn yon lòt mizik ki pou esplike jan li bèl. Men, travay nou jodi a se chache kote literati a fèt ak depasman epi ak emosyon.

 

     3. Ki rapò Bwa Kayiman genyen avèk Kilti peyi a ?

Anvan nou vini la a, nou te eseye chache konnen konbyen zèv konbyen liv ki gen Bwa Kayiman kòm tèm prensipal. Nou konnen chak ane, atis nan kinenpòt branch la

Kit li se mit, kit li se reyalite, Bwa Kayiman prezan nan imajinè popilasyon an. Nou kapab wè sa nan kantite chante popilè, nan kantite tablo, nan kantite espektak ki fè nou reviv evènman oswa mit Bwa Kayiman an. Men, etan istoryen ak antwopològ ap chache konnen si seremoni Bwa Kayiman an te fèt vre, yo kite sa ki pi enpòtan an sou kote. Men pou Bwa Kayiman bay rezilta li bay la apre 13 lane batay, se paske anvan Bwa Kayiman, te deja gen yon nasyon ki t ap pran fòm anba je kolon franse yo san yo pa wè sa. Literati ayisyen an, an jeneral, pa manyen kesyon Bwa Kayiman an sou ang sa a. Èske se mit? Èske se reyalite ? Sa ki reyèl se pa liv ki nouri imajinè popilasyon an. Se pa ak liv pèp la konstwi mit li yo, se nan chante, se nan tradisyon oral yo, se anba peristil yo, istwa peyi a vin jwenn nou. Men opinyon antwopològ Rachel Beauvoir sou Bwa Kayiman : « Souvni Bwa Kayiman an vivan nan mitan popilasyon an ki ka sonje ki bò egzakteman evènman yo te pase. Men egzanp yon chante, yon granmoun 84 lane chante pou nou. Se yon chante li aprann nan bouch granpapa li  : « Revni lwa yo, Sanble lwa yo, Nan Bwa Kayiman nou ye, Nou tande fizi tire Apre Bondye, Se nou sa l ki chaf la ye, Apre Bondye, Se nou chaf, Nan Bwa Kayiman a ».[1]

     4. Èske Bwa Kayiman prezan nan literati ayisyen an ?

Bwa Kayiman se pretèks pa nou, nou menm Ayisyen, pou nou prezante tèt nou kòm nasyon devan limanite. Si nou retire karaktè teyatral Bwa Kayiman an, jan Dumelse ak Dorsainvil prezante l la. Nou ka di Bwa Kayiman an se pa yon imaj ki fò nan literati a, menm si chak ane nou jwenn nouvo pyès teyat, nouvou pwezi ki pran lari nan kad komemorasyon Bwa Kayiman an.

Lè nou t ap kòmanse, nou te di, literati de sèl domèn atistik ki gen posiblite pale pou tèt li. Mizik p ap jwenn yon lòt mizik pale pou li, tablo penti p ap jwenn yon lòt tablo pale pou li. Konsa tou, Bwa Kayiman pa ka di sa li reprezante. Se literati a ki pou bagay Bwa Kayiman an tout dimansyon istorik, ideyolojik ak mitik li.

Disiplin syantifik yo (listwa, etnoloji, antwopoloji) pa ka gen pretansyon fè moun reve, fè moun viv emosyon. Travay sa yo se sinema, pwezi, teyat, kont, nouvèl ak woman ki pou fè yo. Men disiplin syantifik yo gen obligasyon pou yo.

     5. Bwa Kayiman ideyoloji demakasyon

  • tout moun se moun, pa gen moun pase moun
  • Bwa Kayiman, ideyoloji demakasyon : Ekiliv lavi a chita sou twa wòch dife

     6.  Defi Bwa Kayiman an depi 19e syèk la rive jodi a

Nan kontèks dominasyon ideyolojik rasis ewopeyen 19e syèk la, li t ap difisil pou nou ta jwenn entèlektyèl ayisyen yo ranmase valè Bwa Kayiman yo kòm valè ki fonde nasyon an. Okontrè, jouk Ayisyen pran chòk lokipasyon an 1915-1934, tout entèlektyèl ayisyen t ap bat pou yo montre yo Ayiti se yon ti Lafrans tèlman yo konn pale franse. Nou te devan sa nou ka rele yon literati fonksyonèl, kote vizyon inivèsalis la sèvi pretèks pou ekriven yo vire do bay peyi a.

Èske sitiyasyon an chanje ? Nou pa kwè sitiyasyon an chanje. Ekriven pi sansib sou sa literati a ka pote pou li an retou pase pou li ta wè ki sa pwodiksyon literè li a ka pote pou sosyete kote l ap evolye a.

Sa pa vle di entèlektyèl la gen devwa anfas sosyete l ap viv la. Men gen devwa se entèlektyèl ki pou fè yo.

Chwa yo te dramatik pou entèlektyèl yo. Ki jan pou yo admèt yo fè yon sèl ak mas ansyen esklav sa yo ki rive prezante kat vizit nèg li, animis toleran, egalitaris, akapitalis la, paske se sa sosyete a di li ye.

Èske nou janm reflechi sou fenomèn sa a ? Ki moun ki pase lòd, apre Lendepandans pou kreye lakou, pou nou sèvi lwa, pou nou kreye yon kosmogoni ? Ki moun ki bay lòd la ? Ki jan modèl sa a fè pran chè nan anviwònman negatif rasis, kolonyalis, enperyalis 19e syèk la ?

Se enkapasite entèlektyèl yo pou yo asepte sa yo ye, nan sa Jean-Price Mars rele bovaris kolektif la, ki fè gen moun k ap mande si nou se yon nasyon. Wi nou se yon nasyon total nan sa Bwa Kayiman fè nou fè. Nou pa yon nasyon paske se pa tout entèlektyèl ki ka asepte pote chay Bwa Kayiman an : nèg, vodou,  egalitaris, akapitalis.

     7.  Ki defi Bwa Kayiman reprezante pou nouvo jenerasyon yo ?

Menm defi 19e syèk yo la pi rèd, asepte sa nou pwodui kòm nasyon ki fòme tèt li nan lanfè lakoloni. Sa nou fè a se reyaksyon kont lanfè lakoloni nou fè l. Se pou nou asepte l.

Pou ki rezon, sèten pastè etranje vle fè Bwa Kayiman an pase pou eritaj dyab ? Paske Bwa Kayiman se sèl ideyoloji imanis ki konteste ejemoni ideyoloji rasis oksidan an.

 

 

[1] Memory of the Bois Caiman is vivid amongst the population who remembers the exact points where events took place. Here is a song, for instance, one 84 year-old was able to sing for us; he holds it from his grand-father: « Revni lwa yo, Sanble lwa yo, Nan Bwa Kayiman nou ye, Nou tande fizi tire Apre Bondye, Se nou sa l ki chaf la ye, Apre Bondye, Se nou chaf, Nan Bwa Kayiman a » Entènèt, http://faculty.webster.edu/corbetre/haiti/history/revolution/caiman.htm, dat koniltasyon 20-out-2016

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *